Solidarite (Konbit)
Lè yon moun nan katye a bezwen èd, tout moun mete men. Konbit la se yon fason nou travay ansanm nan jaden, nan kay, nan lavi. Se yon richès ki fè kominote nou yo kanpe menm nan moman ki pi difisil.
Gid enspirasyon
Anvan w ekri tèks ou a oswa w fè videyo w la, gade valè kilti ayisyen sa yo. Yo ka ede w jwenn istwa pa w la — sa k fè w fyè kòm Ayisyen.
Lè yon moun nan katye a bezwen èd, tout moun mete men. Konbit la se yon fason nou travay ansanm nan jaden, nan kay, nan lavi. Se yon richès ki fè kominote nou yo kanpe menm nan moman ki pi difisil.
Yon vizitè pa janm rete grangou lakay yon Ayisyen. Nou pataje sa nou genyen ak kè kontan — yon plat manje, yon chèz, yon kote pou dòmi. Ospitalite se yon siy respè ak dinyite.
Nan mizik, nan penti, nan atizana, nan fason nou rezoud pwoblèm — Ayisyen envante. Kreyativite sa a se menm bagay konkou a ap chèche nan tèks ak videyo w yo.
1804 pa jis yon dat: se yon eritaj. Fyète nou soti nan yon istwa kote yon pèp deside li lib. Fyète sa a parèt nan jan nou pale, jan nou kanpe, jan nou renmen.
Fanmi an laj: matant, tonton, vwazen, marenn. Granmoun yo se bibliyotèk vivan ki pase pwovèb, istwa ak leson bay jenerasyon k ap vini yo.
Ekri yon tèks ant 75 ak 100 mo epi fè yon videyo ki pa depase 1 minit.
Aplike