Yon inisyativ
Sou Ayiti 365
Ayiti 365 se yon inisyativ ki vize konprann, valorize pèsepsyon ak valè ki fòme idantite Ayisyen. Se yon demach senp, imen epi kolektif.
Poukisa kesyonè a?
1
Kalite imen ki asosye ak Ayisyen
2
Mo ak atitid ki reflete idantite Ayisyen
3
Valè pozitif ki transmèt epi ki rekonèt kolektivman
Ak kisa repons yo pral sèvi?
- Kreye dokiman èd vizyèl lekòl, enstitisyon ak òganizasyon ka itilize kòm sous enspirasyon ak referans.
- Pwodui insight kiltirèl ak biznis, sou baz valè ak pèsepsyon, pou ede devlope nouvo mak oswa amelyore fason mak yo kominike ak mache lokal la.
- Mete aksan sou valè ak kalite ki plis pataje nan repons yo.
- Devlope kontni dijital ak fizik ki pran rasin nan valè sa yo.
- Pataje dekouvèt yo ak kominote a, pou sèvi kòm zouti itil nan edikasyon, kilti, antreprenarya, kominikasyon, elatriye.
- Ofinal, l ap sèvi kòm yon referans kiltirèl pou fè pwomosyon ak valorizasyon idantite Ayisyen.
Yon demach kolektif
Ayiti 365 baze sou yon patisipasyon ki ouvè pou tout moun ki vle. Pataje ankèt la ede nou: anrichi divèsite repons yo, pi byen reprezante diferan pèspektiv, epi ranfòse enpak pwojè a.
