Poukisa ankèt sa a?
1
Kalite imen ki asosye ak Ayisyen
2
Mo ak atitid ki reflete idantite Ayisyen
3
Valè pozitif ki transmèt epi ki rekonèt kolektivman
Chak repons ap kontribye nan bay yon pi bon konpreyansyon sou sa ki defini nou.
Sa w ap jwenn nan ankèt la
1
Site 3 kalite ou panse ki defini Ayisyen? (egz: kouraj, solidarite, ospitalite, respè pou granmoun…)
2
Lè w tande « Sa, se yon Ayisyen vre wi! », ki kalite oswa atitid ou panse moun nan ap dekri?
3
Ki lòt mo ou ta ajoute pou dekri sa ki bon, espesyal oswa pozitif nan Ayisyen?
Konfidansyalite
Enfòmasyon yo ap sèvi sèlman pou analiz.
Done lokalizasyon yo ap sèvi pou konprann divèsite jewografik repons yo.
Okenn done pap itilize pou idantifikasyon endividyèl.
