Konkou 2026

Konkou Tèks ak Videyo — Sa k Fè Ayisyen Espesyal

Atravè konkou sa a, nou envite jèn yo pataje sa ki fè yo fyète kòm Ayisyen.

“Sa k fè nou espesyal la, nan chak grenn nan nou. Nan jan nou pale, jan nou kanpe, jan nou renmen.”

Konkou a se yon espas pou jèn yo di sa yo santi, pataje istwa yo epi mete limyè sou richès kilti n.

Yon men k ap ekri nan yon kayeJèn moun k ap anrejistre yon videyo ak telefòn

Pran lapawòl. Pataje lide w.

Ekri yon tèks ant (75-100 mo) epi fè yon videyo (ki pa depase 1 minit) pou di sa k fè n inik kòm Ayisyen.

Redaksyon (Tèks)

Yon tèks orijinal an kreyòl (75–100 mo).

Videyo

Yon videyo vètikal maksimòm 1 minit an kreyòl.

Soumèt travay ou atravè fòm anliy nan. Pou videyo, ou ka voye yo sou WhatsApp fasil.

Enpòtan: Apati de 20 soumisyon, nou pap resevwa aplikasyon ankò.

Kalandriye

  1. 28 Jiyè

    Lansman

  2. 28 Jiyè – 8 Out

    Peryòd soumisyon

  3. 12 – 17 Out

    Ouvèti vòt piblik

  4. 20 Out

    Rezilta final

Pri

1ye Pri

40,000 Goud

2yèm Pri

20,000 Goud

3yèm Pri

10,000 Goud

Fon prim yo se yon konbit sitwayen: ansyen manm kominote Impact Hub Pòtoprens ak KayTita mete ansanm pou ofri yo.

Kijan nòt yo mache

Konpetisyon an ap jije kreyativite, orijinalite ak pwofondè. Jiri a konte pou 60% nòt la, epi vòt popilè sou rezo sosyal konte pou 40%. Moun ki fè plis vòt sou rezo yo otomatikman resevwa 40%, epi pousantaj lòt patisipan yo kalkile apati kantite like yo.

Egzanp

Si moun ki gen plis like fè 1000 vòt, li fè 40%. Si dezyèm nan fè 500 vòt (mwatye), l ap fè 20%.

Gade fichye a an dirèk pou wè nòt yo →

Kritè jijman an detay

Pou Redaksyon (100 pwen)

  • Respè tèm nan30 pwen
  • Kreyativite ak orijinalite20 pwen
  • Òganizasyon ak klète15 pwen
  • Kalite langaj ak ekriti15 pwen
  • Enpak mesaj la20 pwen

Pou Videyo (100 pwen)

  • Respè tèm nan30 pwen
  • Kreyativite ak orijinalite15 pwen
  • Kalite prezantasyon20 pwen
  • Kalite teknik10 pwen
  • Enpak ak emosyon25 pwen

Règ konkou

  • 1Lide a dwe orijinal e soti nan tèt pa w.
  • 2Ou pa dwe itilize entèlijans atifisyèl nan kreyasyon videyo, tèks oswa okenn lòt pati nan pwodiksyon an.
  • 3Videyo pa dwe depase 1 minit (60 segond).
  • 4Videyo a dwe klè epi filme an mòd vètikal.
  • 5Ou ka kanpe, mache oswa chita nan videyo a — itilize kreyativite w.
  • 6Videyo a dwe montre pati anlè kò w, pa tout kò a.
  • 7Tèks ak videyo yo dwe an kreyòl.
  • 8Tèks la dwe gen ant 75 ak 100 mo.
  • 9Rad ou dwe ale ak mesaj w ap pase a.
  • 10Vòt jiri konte pou 60%, vòt piblik pou 40%.
  • 11Se kontni videyo a n ap jije, men fòk ou ka wè epi tande l klè.
  • 12Apati de 20 soumisyon, nou pap resevwa aplikasyon ankò.
  • 13Non respè règ yo ka lakoz diskalifikasyon.

Aspè legal

Nou garanti pwoteksyon minè yo. Nou pap itilize imaj adolesan yo nan okenn lòt objektif ke pou konkou sa a.

Mèsi

Konkou sa a posib gras a sipò finansye chak grenn moun sa yo.

Kristie Jean
Elie Michel Guerrier
Jean Junior Maître
Cassandra Désir
Meus Nelza
Wendy Petit Zil
Sarah bureau
Ginette Aurélien
Geralda aurel
Gaetan Casseus
Davidson Jules
Berline Pierre
Anthony St Clair
Pierre Stanley Baptiste